Sondaj Evalyasyon Bezwen Sante Kominotè (CHNA) 2026 Deaconess Memorial Medical Center

Entwodiksyon

Mèsi paske ou pran tan pou ranpli sondaj sa a! Evalyasyon Bezwen Sante Kominotè (Community Health Needs Assessment, CHNA) sa a ap fèt kòm yon efò kolaboratif ant Deaconess Memorial Medical Center ak Ovation Healthcare. Repons ou yo pral ede idantifye bezwen sante ki pi enpòtan nan kominote ou a.

Nan sondaj sa a, y ap mande w pou:
  • Bay opinyon ou sou bezwen sante ki pi enpòtan nan kominote ou a.
  • Bay opinyon ou sou dènye CHNA ki te fèt an 2023.
  • Reponn kesyon ki gen rapò ak aksè a sèvis sante nan kominote ou a.
Ranpli sondaj sa a ta dwe pran mwens pase 10 minit. Sondaj la ap rete ouvè jiska 27 Jiyè 2026, men nou ta apresye si ou ta reponn pi vit posib. Mèsi anpil pou tan ak patisipasyon ou!