4yèm Prim Anyèl NYC Neighborhood Library selebre wòl esansyèl 207 bibliyotèk piblik Vil New York yo genyen nan kominote toupatou nan Bronx, Brooklyn, Manhattan, Queens ak Staten Island. Puiske vwazinaj ki nan vil la varye anpil e ke chak bibliyotèk inik, men sa n ap mande w: Di nou poukisa bibliyotèk ou a ta dwe ranpòte yon Prim Bibliyotèk Vwazinaj NYC (oswa NYC Neighborhood Library Award)!

Yo ap chwazi senk bibliyotèk ki genyen yo sou baz nominasyon moun nan New York tankou w voye. Nome bibliyotèk nan vwazinaj ou a jodi a—e li kapab ranpòte yon prim 20,000 dola! Chak gayan ap itilize lajan prim nan pou yo rann bibliyotèk moun New York pi renmen yo vin pi bon toujou.

Eksplike poukisa bibliyotèk ou a ta dwe ranpòte prim sa a, pandan w ap bay egzanp ki make lavi w. Rakonte n istwa w. Se sou baz repons ou yo y ap chwazi gayan yo; tout enfòmasyon ak remak ou founi pa mwayen fòm sa a kapab sèvi pou jije, pou piblisite oswa pou lòt objektif. Pou plis enfòmasyon sou Prim yo vizite: www.nyclibraryawards.org. N ap resevwa nominasyon yo soti 7 fevriye pou rive 13 mas 2017.

Question Title

* 1. Ki kote bibliyotèk ou a ye?

 
14% of survey complete.

T