Vil Watertown MA Evalyasyon pou Lwa sou Ameriken ki gen Andikap (ADA) & Plan Tranzisyon: Sondaj Piblik

Pou asire tout pwogram ak sèvis vil la ofri yo aksesib pou tout abitan ak vizitè ki gen andikap, vil la anplwaye yon konpayi ki rele KMA pou l fè yon evalyasyon e pou l devlope yon plan teknik pou fasilite aksè. Li esansyèl pou piblik la bay kontribisyon pa yo. Nou ta renmen tande ide ak enkyetid ou genyen anrapò ak jan pwogram ak etablisman vil yo aksesib. Pi ba a w ap jwenn 5 kesyon:
1.Èske gen etablisman/enstalasyon ki pou vil la (bilding, pak piblik, lakou rekreyatif, chemen, waf, sant resiklaj, elatriye) ki te difisil pou w itilize yo?(Required.)
2.Èske w te janm gen difikilte pou w jwenn enfòmasyon sou yon pwogram, yon sèvis, oubyen yon evènman vil la ofri? (Required.)
3.Èske w konnen ki jan pou w mande materyèl vil la bay nan lòt fòma (pa egzanp, nan gwo ekriti oubyen nan lang bray)?(Required.)
4.Èske w konnen ki jan pou w mande pou yo fè yon aranjman pou ou (pa egzanp, entèprèt ASL (Lang Siy Ameriken) oswa sistèm ki ede w koute) anrapò ak sèvis ak evènman vil la ofri yo?(Required.)
5.Èske w gen nenpòt lòt kòmantè sou aksè?
Current Progress,
0 of 5 answered