Vil North Miami –
|
Sondaj pou tout moun kap viv nan Vil North Miami a
SONDAJ SA A SE POU RANMASE ENFÒMASYON SELMAN. OKENN MOUN PAP KONNEN KI MOUN OU YE.
Plan Global pou pwochen 5-an 2025-2029 ak Plan Aksyon Anyèl pou 2025-2026
Sondaj pou rezidan yo ak lòt patnè nan kominote a
Plan Global pou pwochen 5-an 2025-2029 ak Plan Aksyon Anyèl pou 2025-2026
Sondaj pou rezidan yo ak lòt patnè nan kominote a
Chak senk (5) lane, vil North Miami dwe soumèt yon Plan Global bay US Department of Housing and Urban Development (HUD) (HUD se depatman ki responsab zafè kay ak devlopman vil yo nan peyi etazini) pou l eksplike kijan li pral itilize lajan ki sòti nan Community Development Block Grant (CDBG) ansanm ak HOME Investment Partnerships Program (HOME), pou reponn a bezwen lojman ak devlopman kominotè yo. Plan Aksyon anyèl yo, yo menm detaye kijan lajan sibvanson an pwal depanse pandan senk lane sa. Soti 2025 rive 2029, vil la espere resevwa yon total $3.9 milyon anba pwogram CDBG a ak $1.45 milyon anba pwogram HOME nan ke vil la kapab itilize pou ranje enstalasyon piblik ak enfrastrikti yo, pou sèvis piblik, pou konstwi, repare osinon kenbe kay yo a bon mache, epi pou devlopman ekonomik. Pwojè sa yo an jeneral dwe benefisye moun ki pa fè anpil lajan ak sa yo ki ap touche yon ti kras kòb.
Repons ou nan sondaj sa a enpòtan anpil pou ede administrasyon vil la mete lajan HUD bay la kote nou vrèman bezwen l. Si w ta gen nenpòt kesyon sou sondaj sa a oswa si gen moun ki andikape oswa moun ki pa fin konprann angle ki ta bezwen plis ransèyman ak aranjeman, tanpri kontakte Alberte Bazile nan 305-895-9895 oswa esri sou imel sa a housing@northmiamifl.gov.
Patisipasyon nan sondaj sa enpòtan anpil e nou ankouraje w reponn tout kesyon ki nan sondaj sa.