SRPEDD ap mande moun nan piblik la ede li nan etid k ap fèt sou koridò Wout 6 ki soti nan Wout 240 nan Fairhaven, sou zòn lès, pou rive High Street nan Wareham. Zòn etid la ap kouvri, se anviwon13 mil, k ap genyen ladan yo 6 kafou ki gen siyal, ak yon gran kantite kay kote moun rete, ak batiman ki sèvi pou fè biznis, ak pou enstitisyon.
 
Tanpi reponn sou enfòmasyon yo mande nan kesyonnè sa a, sou eksperyans ou fè nan pase sou Wout 6 la, ak sou sa ou ta renmen wè kòm amelyorasyon pi devan. Sa pral pran 5 minit sèlman pou w fini kesyonnè a. Repons ou bay yo pral ede nou anpil. Mèsi. Pou plis enfòmasyon sou Etid SRPEDD sou Koridò Wout 6 la, ale gade nan pòtay entènèt pwojè a, oswa nan paj Facebook sou pwojè a.

Si se sou papye w ap reponn keyonnè sa a, tanpri voye li nan lapòs bay SRPEDD (adrès la ekri pi ba la a) oubyen pote li remèt nan yon sant kominotè k ap patisipe nan etid la, nan yon Biwo Minisipal (tankou Fairhaven, Mattapoisett, Marion, oswa Wareham).


Adrès postal SRPEDD:
SRPEDD
88 Broadway
Taunton, MA 02780
c/o Jed Cornock, Direktè Pwojè

T