Skip to content
Aplikasyon pou Komite Konsèy Kominotè (CAB) NEW Health la
Èske w gen ide ki ka ede amelyore swen pou pasyan nan NEW Health yo? Aplike pou fè pati nan Komite Konsèy Kominotè (CAB) NEW Health la lè w ranpli aplikasyon an pi ba a!
Tanpri li enfòmasyon ki annapre a epi pran yon ti moman pou reponn kesyon ki pi ba yo.
Repons ou yo pral ede nou rasanble opinyon divèsifye ki reprezante katye nou yo nan efò n ap fè pou n monte yon Komite Konsèy Kominotè (CAB) nan NEW Health.
*
1.
Kisa Komite Konsèy Kominotè (CAB) a ye? Yon Komite Konsèy Kominotè se yon gwoup pasyan, manm fanmi, manm kominote ak manm pèsonèl nan sant sante kominotè yo ki angaje yo pou amelyore eksperyans swen pasyan ak manm fanmi yo.
Kisa sa reprezante lè w se yon manm CAB? Atravè patisipasyon nan CAB, ou pral travay an patenarya avèk sistèm swen sante a pou pataje opinyon w baze sou eksperyans swen ou viv. CAB yo reprezante yon vwa ki defann pwovizyon sèvis swen sante ki santre sou bezwen pasyan ak fanmi yo ke yo idantifye, ki gen ladan l, fidbak ak ide pou ede nou amelyore kalite ak sekirite swen nou founi an.
Kiyès ki ka yon manm CAB? Objektif nou se pou manm CAB yo reprezante leplis posib kominote divèsifye nou desèvi yo. Ou kapab yon manm CAB si w se yon pasyan aktyèl oswa si w te resevwa swen nan yon etablisman NEW Health nan 3 dènye ane ki sot pase yo. Si w se yon manm fanmi oswa yon moun k ap bay yon pasyan swen, oswa si w se yon manm oswa yon patenè nan kominote a. Ou pa bezwen gen okenn kalifikasyon espesyal pou w se yon manm CAB. Sa ki pi enpòtan an se eksperyans ou fè antanke yon pasyan oswa manm fanmi epi volonte w genyen pou patisipe nan opòtinite CAB yo pou kolabore epi pataje fidbak. Objektif nou se pou manm CAB yo reprezante leplis posib kominote divèsifye nou desèvi yo.
Kisa CAB yo fè? CAB se opòtinite inik pou bay enfòmasyon epi pou diskite sou inisyativ sant sante kominotè yo. Men kèk fason manm CAB yo ka ede fasonnen eksperyans pasyan an nan NEW Health:- Pataje istwa ak eksperyans yo avèk klinisyen yo, manm pèsonèl yo, ak lòt pasyan.- Patisipe nan komite enpòtan yo avèk manm pèsonèl klinik yo ak klinisyen yo.- Pataje eksperyans ou antanke pasyan epi pataje pwennvi ou nan kad gwoup diskisyon yo, sesyon edikatif yo, ak lòt inisyativ sant sante yo.- Revize materyèl edikatif ak lòt materyèl pou pasyan ak fanmi yo.- Kontribye nan konsepsyon fiti ak posibilite sèvis yo. Chwa inik.
(Required.)
Apre m fin li enfòmasyon ki anwo a, mwen enterese toujou pou m aplike pou CAB NEW Health la.
Apre m fin li enfòmasyon ki anwo a, mwen gen kesyon mwen ta renmen yo reponn anvan m kontinye ak aplikasyon mwen an.
Apre m fin li enfòmasyon ki anwo a, mwen pa enterese ankò pou m aplike pou CAB NEW Health la.
*
2.
Non Konplè a obligatwa pou reponn. Tèks sou liy inik.
(Required.)
*
3.
Enfòmasyon kontak
(Required.)
Imel
Nimewo Telefòn
*
4.
Ki ras ou/gwoup etnik ou (Tcheke tout sa ki aplike yo) Repons lan obligatwa. Chwa miltip.
(Required.)
Azyatik
Awayen natif natal/Moun Zile Pasifik
Nwa/Afwo-Ameriken
Ispanik/Latino(x)(e)
Moun gwoup endijèn/Amerendyen
Moun Mwayen Oryan/Afriken Dinò
Blan
Birasyal/Miltirasyal
Lòt
Pito pa reponn
5.
Ki sèks ou? (Chwazi youn nan opsyon ki annapre yo) Repons lan obligatwa. Chwa inik.
Fi
Gason
Fi Transjan
Gason Transjan
Non-Binè
Pito pa reponn
*
6.
Nan ki gwoup laj ou ye? (Chwazi youn nan opsyon ki annapre yo) Repons lan obligatwa. Chwa inik.
(Required.)
18-24
25-34
35-44
45-54
55-70
Plis pase 70 lane
Pito pa reponn
*
7.
Kijan ou idantifye w, sou plan idantite seksyèl? Repons lan obligatwa. Chwa inik.
(Required.)
Biseksyèl
Omoseksyèl
Lesbyèn
Queer
Etewoseksyèl
Pito pa reponn
*
8.
Wòl mwen nan Kominote NEW Health la se (chwazi tout sa ki aplike yo): Repons lan obligatwa. Chwa miltip.
(Required.)
Pasyan
Manm Fanmi/Moun k ap bay Pasyan Swen
Rezidan nan Kominote a
Anplwaye/volontè nan ajans kominotè, pwogram, lekòl
*
9.
Nan ki katye ou abite prensipalman? (Chwazi youn nan chwa ki annapre yo) Repons lan obligatwa. Chwa inik.
(Required.)
Charlestown
North End
Lòt katye nan Boston
Lòt katye andeyò Boston
Pito pa reponn
*
10.
Èske ou se yon paran oswa yon moun k ap okipe yon timoun minè? Chwa inik.
(Required.)
Wi
Non
*
11.
Si yo chwazi w pou CAB, èske ou kapab konsakre ant 1 èdtan ak 2 èdtan chak mwa pou CAB? Repons lan obligatwa. Chwa inik
(Required.)
Wi
Non
*
12.
Ki bezwen espesifik ou genyen pou w kapab patisipe nan CAB? (pa egzanp: sèvis entèprèt lengwistik, lè/lokal ki aksesib pou rankont yo, sipò nan men yon moun k ap bay swen, elatriye) Repons lan obligatwa. Tèks sou plizyè liy.
(Required.)
*
13.
Tanpri pataje poukisa ou enterese pou w aplike pou CAB Repons lan obligatwa. Tèks sou plizyè liy.
(Required.)
Mèsi dèske ou enterese aplike pou CAB nan NEW Health! Si w gen nenpòt kesyon oswa enkyetid, tanpri voye yon imèl nan NEWHCommunityAdvisoryBoard@mgb.org oswa rele nan 617-643-8061. Mèsi!