Moun k ap fè rechèch nan peyi a, nan zòn ou an tou, ap fè yon etid ki ta ka konsène w oswa moun ou konnen. Ekperyans “Kalsyòm ak Vazopresin apre yon Reyanimasyon ki Fèt Anvan Lè apre yon Blesi” a, oswa CAVALIER, se yon etid ki pral gade si lè yo bay yon moun kalsyòm, vazopresin oswa toude anvan lè ap ogmante chans pou l sove lè l blese e l ap bay anpil san. Yo itilize ni kalsyòm, ni vasopresin toupatou nan peyi a, men anjeneral se pi devan nan swen y ap bay pasyan an. Moun k ap fè rechèch yo panse lè yo bay pwodui sa yo tousuit apre gwo blesi kote moun nan ap bay anpil san, sa ta ka sove lavi yo.
An jeneral, pasyan ki pèdi anpil san yo e yo bay pwodui san yo gen nivo kalsyòm yo ki ba e yo resevwa kalsyòm pou ede yo ak san yo k ap kaye. Moun k ap fè rechèch yo panse lè yo bay kalsyòm pi bonè sa ka pi bon pou diminye posibilite pou moun nan mouri.
Menm jan an tou, lè pasyan yo pèdi anpil san, tansyon yo bese. Yo bay pasyan yo medikaman ki rele “vazopresè” yo pou yo ka “prije” venn yo pou monte tansyon yo nan yon nivo ki bon pou sante yo. Moun k ap fè rechèch yo panse lè yo bay vazopresin bonè sa ta ka ogmante chans gerizon pasyan ki tèlman blese grav lavi yo an danje paske yo pèdi anpil san.
Nan kad CAVALIER, pwofesyonèl lasante ijans yo ap bay pasyan yo kalsyòm anvan yo rive nan lopital la, y ap ba yo vasopresin apre yo fin rive lopital la, oswa toude. Kèlkeswa sa pasyan an resevwa pou etid sa a, pasyan yo ka toujou resevwa kalsyòm oswa vazopresin apre nan swen y ap ba li si yo bezwen sa.
Y ap annik chwazi youn pa aza (tankou jwèt pi ou fas) pou yo gade si pasyan an ap resevwa yon medikaman etid (kalsyòm oswa vazopresin) oswa plasebo (dlo sèl) pito. Yon plasebo se pa yon medikaman. Medikaman etid la ak plasebo sanble pou elimine prejije, men gen yon plan sou pye pou bay doktè a enfòmasyon rapid si sa nesesè. Moun k ap fè rechèch yo konpare gwoup sa yo pou yo wè si blesi yon gwoup geri pi byen parapò ak lòt la. Moun k ap fè rechèch yo ka fè yon egzamen san epi rasanble enfòmasyon nan dosye medikal nan kad etid la.
Piske trete pwoblèm kote yon moun ap bay san se yon ijans, ka pa gen tan pou pran konsantman anvan yo antre l nan etid la. Pasyan yo ka blese twò grav pou yo bay konsantman ki baze sou enfòmasyon, e fanmi yo ka pa disponib tousuit. Kou pasyan an oswa pwòch li disponib, moun k ap fè rechèch yo ap mete yo okouran epi ba yo enfòmasyon detaye konsènan etid la.
Etid ijans dwe respekte kèk règ. Anvan nou fè etid la, nou dwe asire nou moun nan kominote a konnen etid la ap fèt epi gade kisa kominote a panse sou sa. Se yon fason nou ka fè sa.
Kesyon ki annapre yo ap ede nou konprann sa w panse sou etid CAVALIER a. Ap gen posibilite nan fen kesyonè sa a pou w ajoute nenpòt kòmantè w vle fè. Mèsi pou kontribisyon w.