Pinellas - Sondaj patènèl (Paternal Survey)

Antanke papa oswa moun ki jwè wòl yon papa nan vi yon oswa plizyè timoun, panse w yo ak eksperyans ou yo enpòtan. Kowalisyon Healthy Start nan Konte Pinellas la ap mennen yon evalyasyon pou konprann bezwen ki genyen nan kominote a. Ide w yo pral ede nou pi byen konprann bezwen lokal yo epi detèmine kòman pou n amelyore sèvis yo, kondisyon lasante yo ak byennèt pou moun ak fanmi ki rete nan kominote w la.

Ankèt sa a pa ta dwe pran plis pase 10 minit. Ankèt la anònim, epi repons ou yo pral rete konfidansyèl. Nou p ap itilize okenn nan enfòmasyon w ban nou yo pou n idantifye w pèsonèlman. Pou w ka elijib pou reponn ak ankèt la, ou dwe gen omwen 18 an, ou dwe rete nan konte Pinellas, epi w dwe yon papa oswa yon moun ki jwè wòl yon papa pou yon timoun ki gen ant 0 an (ki pòko fèt) jiska 3 zan.

Mèsi dèske w pataje eksperyans ak pèspektif ou yo avè nou.