Pinellas - Sondaj Patnè Kominotè (Community Partner Survey)

Kowalisyon Healthy Start nan Konte Pinellas ap mennen yon ankèt pou konprann bezwen yo nan kominote a. Antanke patnè, lidè ak pati prenan kominotè nan zòn sa a, nou panse li enpòtan pou n konprann pèspektif ak opinyon w yo konsènan eta sante ak bezwen manman ansent ansanm ak fanmi pa yo. Komantè w yo pral ede nou pi byen konprann bezwen nan kominote a ki pòko reponn, ansanm ak sèvis/resous ki manke yo. Enfòmasyon say o pral gide desizyon nou yo sou kòman pou n amelyore sèvis yo ak pi byen sèvi bezwen manman ansent yo ak fanmi pa yo nan kominote w la.

Ankèt sa a pa dwe pran plis pase 10 minit. Se yon ankèt anònim, epi repons ou yo pral rete konfidansyèl. Nou p ap itilize okenn enfòmasyon ou ban nou pou n idantifye w pèsonèlman. Pou w ka elijib pou patisipe nan ankèt la, ou dwe gen omwen 18 an epi ou dwe yon prestatè sèvis oswa resous nan konte Pinellas.

Mèsi dèske w pataje eksperyans ak pèspektif ou yo ansanm avè nou.