Sondaj Collier County: Akseleratè Kuizin Florida @ Immokalee |
Sondaj Collier County pou mezire enterè nan Akseleratè Kuizin Florida @ Immokalee
Collier County gen pwojè pou li lanse Akseleratè Kuizin Florida @ Immokalee a, ki se yon pwogram de lansman pou biznis kilinè e agwoalimantè nan Immokalee. Pwogram sa a pral ofri ekipman kuizin komèsyal, devlopman ak tès de pla manje, opsyon stokaj nan chanm fwad ak nan depo a sèk ki ranpli egzijans U.S. Food and Drug Administration (FDA), U.S. Department of Agriculture (USDA) ak egzijans eta a pou sekirite manje ki aplikab yo. Akseleratè a ta gen ladan li eleman sa yo: tretman cho ak tretman frèt, montaj nan kondisyon frèt, anbalaj/etikèt, tretman a wot presyon, stasyon ranplisaj/anbouteyaj, frizè/frijidè an kaj, ak stokaj de materyèl.
Objektif sondaj sa a, se konprann nivo enterè ke moun genyen nan pwogram akseleratè a, e detèmine bezwen spesifik ke Akseleratè Kuizin Florida @ Immokalee a ka satisfè, e ki ta bay antreprenè kilinè oswa kuizin kapasite pou yo kreye pwodwi pou manje e pou bwè ki gen siksè - e pou bay antreprenè ki fèk ap vini yo yon pi bon chans pou siksè komèsyal konsistan. Nou estime ke sondaj saa ap pran 15 a 25 minit pou ou konplete li, e tout repons yo ap ret konfidansyèl.