Mèsi paske ou dakò pou patisipe nan sondaj sa a. Komite Planifikasyon Zòn metwopoliten Kalifye (Eligible Metropolitan Area, EMA) ap travay avèk Komisyon Sante Piblik Boston (BPHC) sou yon pwojè pou detèmine bezwen moun k ap viv avèk VIH (PLWH) nan rejyon EMA Boston. Pandan egzekisyon pwojè sa a, n ap itilize sondaj sa a pou jwenn enfòmasyon kliyan yo sou tèt yo ak sèvis yo itilize jan sa nesesè. Nou swete enfòmasyon nou pran isit la pral ede kreye pi bon pwogram sante pou PLWH yo.

·  Tout enfòmasyon ou bay nan sondaj sa a ap anonim. Pa ekri non ou.
·  Si gen kesyon ou pa santi ou alèz pou reponn, ou pa gen obligasyon pou reponn yo.
·  W ap pran apeprè 10-20 minit pou reponn kesyonè sondaj sa a.
· Atansyon: Etid sa a te kòmanse nan mwa mas 2019. Si’w te ranpli sondaj sa a nan 2019, tanpri pa ranpli yon lòt.
 
Si ou gen nenpòt kesyon konsènan pwojè sa a oswa si ou bezwen èd pou patisipe nan sondaj sa a, tanpri kontakte Liz Rios nan nimewo (617) 534-2413 oswa 617-947-4299, imèl: erios@bphc.org.

Question Title

* 1. Si ou dakò pou patisipe nan etid sa a, ou konfime ou:

Question Title

* 2. Ki laj ou?

Question Title

* 3. Ki sèks ou?

Question Title

* 4. Kisa preferans seksyèl ou ye?

Question Title

* 5. Èske ou se Latino, Ispanik oswa Panyòl

Question Title

* 6. Ki ras ou? [Chwazi tout sa ki konsène ou]

Question Title

* 7. Ki lang EKRI ak/lang PALE ou PITO itilize pou nenpòt afè legal (dokiman, kontra, anrejistreman veyikil-a-motè, operasyon labank, elatriye)?

Question Title

* 8. Ki lang PALE ou pale pi souvan (avèk zanmi ak fanmi ou)?

Question Title

* 9. Ki pi bon deskripsyon kondisyon imigrasyon ou?

Question Title

* 10. Kisa kòd postal ou ye nan moman an?

Question Title

* 11. Èske ou t ap viv nan kòd postal sa a lè doktè te dekouvri maladi ou nan dyagnostik?

Question Title

* 12. Si ou reponn NON, èske ou t ap viv nan (vil/eta/peyi) lè doktè te dekouvri maladi ou nan dyagnostik?

Question Title

* 13. Nan ki ane premye tès ou te pozitif pou VIH?

Question Title

* 14. Nan ki ane, si ou te fè sa, ou te fèk kòmanse pran medikaman VIH?

Question Title

* 15. Si w ap pran medikaman VIH nan moman an, pandan dènye 6 mwa yo, èske ou te janm sispann pran nenpòt ladan yo pandan plis pase yon semèn (sètadi 7 jou youn-apre-lòt oswa plis tan)?

Question Title

* 16. Si ou reponn WI, pou kisa? [Chwazi tout sa ki konsène ou]

Question Title

* 17. Nan dènye tès chaj viral ou, èske pwofesyonèl swen sante ou te fè ou konnen viris ou pa t kapab detekte?

Question Title

* 18. Kijan ou ale nan randevou yo oswa kijan ou fè pou ale regle komisyon ou? [Chwazi tout sa ki konsène ou]

Question Title

* 19. Ki sèvis ou jwenn fasil nan kominote a? [Chwazi tout sa ki konsène ou]

Question Title

* 20. Si ou vle resevwa plis sèvis kisa ki anpeche ou jwenn yo? [Chwazi tout sa ki konsène ou]

Question Title

* 21. Ki lòt sèvis ou ta renmen jwenn ki pa disponib?

Question Title

* 22. Si ou te jwenn sèvis yo lontan epi ou pa jwenn yo ankò, kisa ki te lakòz ou sispann jwenn yo?

Question Title

* 23. Èske ou fwistre avèk nenpòt nan sèvis w ap resevwa yo?

Question Title

* 24. Si ou reponn WI, pou kisa? [Chwazi tout sa ki konsène ou]

T