Biwo pou Ranfòsman Ekonomik (OEE) ap fè yon sondaj ki gen rapò ak pwojè pou eksplore sante finansye rezidan Massachusetts yo atravè endikatè enpòtan yo. Yo ka itilize done sa yo pou ede kreye pwogram ak règ/politik ki gen objektif pou amelyore byennèt finansye moun nan tout eta yo. Yo ka enkli repons anonim ou yo nan pwochenn piblikasyon ki gen pou fèt yo nan lide pou enfòme moun ki gen enterè yo/antèt yo.
Sondaj la prevwa pran apeprè sèlman senk (5) minit nan tan w. repons ou yo ap rete anonim. Patisipasyon w volontè, epi ou ka pa reponn nenpòt kesyon w vle. Mèsi pou patisipasyon w nan sondaj sa a! Si w ta gen kesyon, silvouplè voye yon imèl bay empowerment@tre.state.ma.us