Vil Lynn: Sondaj Piblik Evalyasyon pou Lwa sou Ameriken ki gen Andikap (ADA) & Plan Tranzisyon

Sondaj Piblik

Pou asire tout pwogram ak sèvis vil la ofri yo aksesib pou tout abitan ak vizitè ki gen andikap, vil la anplwaye yon konpayi ki rele KMA pou l fè yon evalyasyon e pou l devlope yon plan teknik pou fasilite aksè. Li esansyèl pou piblik la bay kontribisyon pa yo. Nou ta renmen tande ide ak enkyetid ou genyen anrapò ak jan pwogram ak etablisman vil yo aksesib. Pi ba a w ap jwenn 6 kesyon:
1.Èske gen enstalasyon Vil la (pa egzanp, bilding ak zòn ki antoure yo, ansanm ak pak, lakou rekreyasyon, ak lòt espas deyò) ke ou te gen difikilte pou itilize?(Required.)
2.Èske ou te janm gen difikilte pou jwenn enfòmasyon ki klè epi ki ajou sou aksè pou moun ki gen andikap nan pwogram, sèvis, oswa evènman piblik Vil la?(Required.)
3.Èske ou konnen kijan pou mande dokiman oswa materyèl Vil la nan lòt fòma (pa egzanp, gwo lèt oswa Bray)?(Required.)
4.Èske ou konnen kijan pou mande yon aranjman espesyal (pa egzanp, entèprèt Lang Siy Ameriken [ASL] oswa sistèm asistans pou tande) pou pwogram, sèvis, ak evènman Vil la?(Required.)
5.Ki lòt kalite asistans ki ta ede ou jwenn pi bon aksè nan pwogram, sèvis, ak evènman Vil la?
6.Èske ou gen nenpòt lòt kòmantè sou aksè pou moun ki gen andikap nan Vil Lynn?
Current Progress,
0 of 6 answered